Form 14446 (Ht) - Virtual Vita/tce Taxpayer Consent (Creole French Version) Page 2

Download a blank fillable Form 14446 (Ht) - Virtual Vita/tce Taxpayer Consent (Creole French Version) in PDF format just by clicking the "DOWNLOAD PDF" button.

Open the file in any PDF-viewing software. Adobe Reader or any alternative for Windows or MacOS are required to access and complete fillable content.

Complete Form 14446 (Ht) - Virtual Vita/tce Taxpayer Consent (Creole French Version) with your personal data - all interactive fields are highlighted in places where you should type, access drop-down lists or select multiple-choice options.

Some fillable PDF-files have the option of saving the completed form that contains your own data for later use or sending it out straight away.

ADVERTISEMENT

Yo pral kenbe Paj de (2) nan fòm sa a tout lòt dokiman dokiman ki egzijib yo.
Pati II: Pwosesis la:
Pandan Pwosesis kote y ap pran enfòmasyon pèsonèl ou yo, ou pral gen pou ou:
• Siyen Fòm 14446
• Ranpli Fòm 13614-C, Feyè pou Enfòmasyon preliminè/Entèvyou ak Verifikasyon Kalite.
• Pote tout enfòmasyon/dokiman ki nesesè pou prepare yon deklarasyon enpo ki pa gen erè ladan l.
o Pyès idantite ki gen foto ou epi pyès idantite ki gen foto mari/madanm ou (si ou genyen).
o Fòm W-2, 1009 epi/oubyen nenpòt lòt dokiman ki montre Revni ou, Depans epi Evènman nan lavi ou ki make nan lis Fòm 13614-C
la.
o Kat Sekirite Sosyal (oubyen nenpòt lòt dokiman sekirite sosyal ki otorize) oubyen Nimewo Idantifikasyon Fiskal Individyèl
(Individual Tax Identification Numbers) pou ou menm, mari/madanm ou epi moun ki ta depandan ou (si genyen).
o Nenpòt lòt dokiman ki nesesè pou prepare yon deklarasyon taks ki san erè.
• Patisipe nan yon entèvyou ak volontè a pou pale sou tout enfòmasyon ki parèt nan Fòm 13614-C pou kapab asire moun ki prepare
deklarasyon an genyen tou sa li bezwen pou prepare deklarasyon enpo ou la.
Pandan Pwosesis Preparasyon Deklarasyon an:
• Si sa nesesè, yo kapab kontakte ou pou plis enfòmasyon. Si yo kontakte ou tanpri, swiv plan ki te prepare yo pou kenbe kontakt
youn ak lòt pou ou ka asire ou nan sit ki kòrèkt la, epi yo ap diskite avè ou enfòmasyon deklarasyon enpo pa ou.
• Si moun ki ap prepare deklarasyon an gen tout sa ki nesesè pou prepare deklarasyon an, se jis lè yo fin prepare deklarasyon enpo a
y ap rele ou.
Pandan Pwosesis Verifikasyon Kalite a, oumenm (epi madanm/mari ou si ou genyen) pral gen pou ou:
• Verifye pwosesis la.
• Evalye deklarasyon enpo ou la lè li fin ranpli pou veye si non yo, nimewo sekirite sosyal yo, adrès, enfòmasyon labank, revni ak
depans yo kòrèkt. Sa se yon bagay ki enpòtan paske a la fen se ou menm ak mari/madanm ou (si ou genyen) ki gen responsabilite
final pou tout enfòmasyon ki sou deklarasyon enpo a.
• Siyen Fòm 8879, Otorizasyon pou Siyati elektwonik IRS (IRS e-file Signature Authorization) lè Verifikasyon Kalite a fin fèt.
Pati III: Konsantman Kontribyab la:
Demand pou Verifye Deklarasyon Enpo ou pou veye si tout enfòmasyon yo egzakt:
• Pou kapab asire ou resevwa bon kalite sèvis epi yon deklarasyon enpo ki prepare san l pa gen erè ladan l nan sit volontè a,
anplwaye IRS yo fè yon seleksyon nan nenpòt sit preparasyon taks gratis pou yo evalye. Si yo idantifye oswa jwenn erè, sit la ap fè
koreksyon ki nesesè yo. IRS pa kenbe okenn enfòmasyon pèsonèl ki nan deklarasyon enpo ou apre li fin verifye li epi sa pèmèt yo
verifye pwogram preparasyon deklarasyon VITA/TCE nou yo pou deklarasyon enpo ki prepare san erè. Si ou pa vle deklarasyon
enpo pa ou la antre nan pwosesis verifikasyon an, sa pap afekte sèvis ou resevwa nan sit sa a. Si yo seleksyone sit ki prepare
deklarasyon sa a, èske ou bay konsantman ou pou yon anplwaye IRS evalye deklarasyon enpo ou an pou wè si pa gen erè?
Wi
Non
Demand pou itilize Pwosesis VITA/TCE an:
• Si ou dakò pou fè yo prepare deklarasyon enpo ou epi trete dokiman enpo ou nan fason ki dekri pi wo a, siyati ou egzijib sou dokiman
sa a. Lè ou siyen dokiman sa a, sa vle di ou dakò ak pwosedi ki eksplike pi wo yo pou preparasyon yon deklarasyon enpo pou ou (si
sa se yon deklarasyon Konjwen moun Marye, se pou mari ak madanm siyen epi date dokiman sa a). Si ou chwazi pou ou pa siyen
fòm sa a, nou ka pa an mezi pou nou prepare deklarasyon enpo ou la jodi a.
Ekri non ou an lèt detache
Ekri non ou an lèt detache (mari/madanm si ou Marye epi ou fè
deklarasyon konjwen)
Dat nesans
Kat (4) dènye chif nan Nimewo
Dat nesans
Kat (4) dènye chif nan Nimewo Sekirite
Sekirite Sosyal/Nimewo ITIN
Sosyal/Nimewo ITIN
Siyati
Siyati
Dat
Nimewo telefòn
Dat
Nimewo telefòn
Adrès imèl
Adrès imèl
14446(HT)
Nimewo Katalòg 68078M
Fòm
(Rev. 10-2016)

ADVERTISEMENT

00 votes

Related Articles

Related forms

Related Categories

Parent category: Financial
Go
Page of 2