Form 13614-C (Ht) - Intake/interview & Quality Review Sheet (Creole-French Version) Page 4

Download a blank fillable Form 13614-C (Ht) - Intake/interview & Quality Review Sheet (Creole-French Version) in PDF format just by clicking the "DOWNLOAD PDF" button.

Open the file in any PDF-viewing software. Adobe Reader or any alternative for Windows or MacOS are required to access and complete fillable content.

Complete Form 13614-C (Ht) - Intake/interview & Quality Review Sheet (Creole-French Version) with your personal data - all interactive fields are highlighted in places where you should type, access drop-down lists or select multiple-choice options.

Some fillable PDF-files have the option of saving the completed form that contains your own data for later use or sending it out straight away.

ADVERTISEMENT

Paj 4
Pati VIII - Seksyon pou Verifikatè Kalite ki Volontè Sètifye nan
Revize deklarasyon enpo a ak kontribyab la pou ou kapab asire :
• Idantite Kontribyab la (ak sa Mari/Madanm li) te verifye ak yon pyès idantite ki gen yon foto sou li.
• Spesyalist volontè ki te prepare/ki te verifye kalite deklarasyon enpo a gen sètifikasyon pou li prepare/verifye deklarasyon enpo sa a epi deklarasyon a antre nan kad pwogram lan.
• Tout kestyon ki nan Pati I rive nan Pati VI yo reponn.
• Tout kazye kote kontribyab yo pat sèten sou repons la te diskite epi make wi oubyen non kòrèkteman .
• Enfòmasyon ki sou paj 1 rive jis paj 3 te trete kòrèkteman epi enfòmasyon an byen make sou deklarasyon an.
• Tout non, nimewo Sekirite Sosyal, ITIN, EIN te verifye epi make korèkteman sou deklarasyon an.
• Verifikasyon stati deklarasyon an fèt, epi li korèkt.
• Egzansyon Pèsonèl ak Egzanpsyon Depandans (Personal and Dependency Exemptions) yo make kòrèkteman sou deklarasyon an.
• Tout Revni (sa gen ladan l e revni ki gen dokiman ki pwouve sous yo e revni ki pa gen dokiman pou pwouve sous yo) ki te tcheke “Wi” yo te transfere kòrèkteman sou deklarasyon enpo
an.
• Tout koreksyon nan revni, tankou pa egzanp enterè sou prè bay etidyan, kontribisyon IRA, taks pou moun ki fè travay endepandan, te verifye epi yo kòrèkt.
• Dediksyon Estanda oswa Detaye yo kòrèk.
• Tout kredi yo make kòrèkteman.
• Tout pwovizyon aplikab ACA yo te antre nan konsiderasyon pou chak moun ki gen non li make sou deklarasyon enpo a, epi pwovizyon sa yo make kòrèkteman.
• Nenpòt Peman Responsabilite Pataje (Shared Responsibility Payments) yo kòrèkt.
• Retni ki make nan Fòm W-2, 1099 epi Peman Taks Estime yo make kòrèkteman.
• Nimewo Depo Dirèkt/Debi yo epi nimewo kont kouran/kont depay yo kòrèkt.
• SIDN lan kòrèkt sou deklarasyon enpo an.
• Kontribyab lan/yo resevwa avi se limenm/yomenm ki responsab pou enfòmasyon ki make nan deklarasyon enpo li/yo an.
Non/Inisyal Volontè Sètifye ki prepare deklarasyon an (fakiltatif)
Non/Inisyal Volontè Sètifye ki Verifye Kalite Deklarasyon an (fakiltatif)
Lòt Kòmantè Moun ki Prepare Deklarasyon an
Lwa sou Pwoteksyon Enfòmasyon Pèsonèl ak Avi konsènan Lalwa sou Rediksyon Kantite Travay ki fèt sou Papye
Lwa 1974 sou respè lavi prive an egzije pou lè nou mande ou enfòmasyon se pou nou di ou dwa w anba lalwa pou ou mande ki enfòmasyon, poukisa nap mande li, epi kijan yo pral sèvi avè l. Se pou nou di ou tou kisa
ki kapab rive si nou pa resevwa enfòmasyon an, epi si repons ou an fakiltatif, si li egzijib pou ou resevwa yon benefis, oubyen si li obligatwa.
Dwa legal nou genyen pou mande enfòmasyon an se 5 U.S.C. 301. Nou mande enfòmasyon sa a pou ede nou kontakte ou konsènan enterè ou epi/oubyen patisipasyon ou nan pwogram volontè ki fè preparasyon
deklarasyon enpo epi pwogram aktivite kominotè nan IRS. Nou kapab voye enfòmasyon ou ba nou yo bay lòt òganizasyon ki kowòdone aktivite epi dotasyon volontè nan sit kote yo prepare deklarasyon enpo oubyen
dotasyon pou aktivite kominotè. Nou ka itilize enfòmasyon an tou pou etabli kontwòl efikas, voye korespondans epi rekonèt volontè yo. Repons ou se yon bagay ki volontè. Sepandan, si ou pa bay enfòmasyon nou
mande a, sa posib pou IRS pa kapab itilize asistans ou nan pwogram sa yo
Lwa an sou Rediksyon Kantite Travay ki fèt sou Papye egzije pou IRS afiche yon nimewo kontwòl OMB sou tout demand pou enfòmasyon piblik. Nimewo Kontwòl OMB pou etid sa a se 1545-1964. Epitou, si ou gen
nenpòt kòmantè konsènan estimasyon kantite tan sa dwe pran nan etid sa a oubyen si ou gen sigjestyon sou kèk fason pou rann pwosesis sa a pi senp, silvouplè ekri Internal Revenue Service, Tax Products
Coordinating Committee, SE:W:CAR:MP:T:T:SP, 1111 Constitution Ave. NW, Washington, DC 20224
13614-C (HT)
Katalòg Nimewo 58971A
Fòm
(Rev. 10-2017)

ADVERTISEMENT

00 votes

Related Articles

Related forms

Related Categories

Parent category: Financial
Go
Page of 4