Form Id-44rid - Real Id Driver License/permit/non-Driver Identification Card Proofs Of Identity, Us Citizenship Or Lawful Permanent Residency Or Temporary Lawful Status, And State Of Residency (Creole)

ADVERTISEMENT

LISANS CHOFÈ AMELYORE/PÈMI/KAT IDANTIFIKASYON POU MOUN KI PA CHOFÈ
PRÈV IDANTITE, SITWAYÈNTE AMERIKEN OSWA REZIDAN PÈMANAN OSWA
SITIYASYON LEGAL TANPORÈ, AK ETA REZIDANS
Règleman Depatman Sekirite Nasyonal Etazini etabli nòm minimòm kalifikasyon pou bay lisans chofè oswa kat idantifikasyon ki pa chofè ajans federal yo ap aksepte
KONDISYON JENERAL-
pou objektif ofisyèl
konfòmeman al ak Lwa REAL ID 2005 la. Règleman sa yo mande pou aplikan yo bay prèv idantite; dat nesans, Nimewo Sekirite Sosyal oswa dokiman ki di yo pa kalifye
1
pou yon Nimewo Sekirite Sosyal; Sitwayènte Ameriken
oswa rezidans pèmanan legal
oswa sitiyasyon tanporè
, ak prèv rezidans nan Eta New York. Ou pral oblije pran yon nouvo foto pran lè
2
2
3
ou aplike pou premye dokiman REAL ID ou a. DMV oblije pran yon nouvo foto pandan chak lòt renouvèlman oswa lè yo aktyalize estati tanporè legal ou.
1 Objektif ofisyèl vle di aksè nan bilding federal yo, monte avyon komèsyal ki règlemante onivo federal, ak k ap antre nan santral nikleyè.
2 Si ou se yon sitwayen oswa rezidan pèmanan legal, prèv sitwayènte ameriken ak rezidans pèmanan legal sèlman nesesè pou tranzaksyon REAL ID orijinal yo.
3 Dokiman REAL ID pou aplikan ki gen sitiyasyon tanporè legal la ap ekspire pa pita pase dat ekspirasyon sou dokiman prèv tanporè legal la. Dokiman ID AMELYORE pou moun ki gen sitiyasyon tanporè legal yo pral mande akyèl
dokiman DHS ajou pou tout tranzaksyon ki vin apre yo.
1. Prèv Nimewo Sekirite Sosyal (SSN) OSWA Dokiman ki montre ou pa kalifye pou SSN:
Ou dwe montre Kat Sekirite Sosyal orijinal ou. Si ou pa kalifye pou gen yon Kat Sekirite Sosyal, ou dwe soumèt yon lèt ou resevwa nan Administrasyon Sekirite Sosyal yo te
ba ou nan 30 jou ki vini apre dat aplikasyon ou nan DMV ki di ou pa kalifye pou yon gen yon SSN. Ou dwe montre tou dokiman Depatman Sekirite Nasyonal yo te itilize nan
Administrasyon Sekirite Sosyal pou detèmine ou pa kalifye.
Si ou gen yon lisans chofè Eta New York ki valab oswa yon kat ID ki gen foto ou epi ki pa lisans chofè yo te ba ou apre dat 10 desanm 2012 epi ou kalifye pou gen yon SSN, ou kapab
montre youn nan dokiman ki endike anba la yo alaplas Kat Sekirite Sosyal ou:
Fòm taks federal ou oswa NYS (W-2) ak tout SSN ou,
OSWA
s
Deklarasyon taks sou revni federal oswa NYS ou(fòm 1098 oswa 1099) avèk tout SSN ou,
OSWA
s
Yon souch peman Etazini ki enprime nan òdinatè ki gen tout chif SSN ou ak non ou ak adrès ou.
s
2. Prèv idantite:
Ou dwe montre kalite dokiman akseptab ki total omwen 6 pwen. Si ou dwe montre kat Sekirite Sosyal ou (2 pwen), ou pral bezwen omwen 4 pwen anplis. Gade tablo ki anba a
pou kalite dokiman akseptab yo ak valè pwen yo.
Konbinezon prèv idantite yo dwe pwouve non konplè legal ou. Non konplè ou - prenon, dezyèm prenon (si ou gen youn) ak siyati ou - ap parèt sou dokiman ou.
Ou dwe montre youn nan dokiman yo ki nan lis WI anba “PrèvDat Nesans?” Nan tablo ki anba la a pou pwouve dat nesans ou.
3. Prèv Sitwayènte Etazini, rezidans pèmanan legal oswa sitiyasyon tanporè legal:
Ou dwe montre youn nan dokiman yo ki nan lis WI anba “Prèv Sitwayènte Ameriken? “Oswa” Prèv Rezidans Pèmanan”? Oswa “Sitiyasyon Tanporè Legal? “Nan tablo ki anba la a.
Ou dwe montre de (2) nan dokiman yo ki nan lis WI anba “Prèv Rezidans?” nan tablo anba a.
4. Prèv Rezidans NYS:
Chak dokiman dwe montre adrès rezidans ou nan New York. Yon adrès ak yon bwa postal pa akseptab kòm prèv rezidans.
Ou ka sèvi ak prèv dokiman rezidans ki nan non madanm oswa mari ou si:
oumenm ak madanm/mari ou gen menm siyati,
OSWA
s
ou montre dokiman adisyonèl ki pwouve relasyon ou (pa egzanp, yon sètifika maryaj).
s
REMAK: Si ou gen yon dokiman Lisans Chofè Amelyore Eta New York (NYS EDL), yon dokiman NYS EDL ki ka renouvle, oswa yon Lisans Chofè REAL ID Eta New York, ou ka
itilize dokiman sa a pou satisfè prèv idantite ou, Nimewo Sekirite Sosyal ou, ak kondisyon pou sitwayènte ak rezidan. Si ou gen sitiyasyon tanporè legal, ou ka oblije montre nouvo
prèv estati tanporè legal.
Tablo ki anba a bay lis dokiman ki akseptab pou pwouve non ou, dat nesans, sitwayènte ameriken, rezidans, sitiyason legal pèmanan, ak sitiyasyon tanporè legal.
Ou dwe bay dokiman orijinal oswa dokiman ki sètifye nan men ajans ki te bay yo.
DMV p ap aksepte plis pase yon dokiman pou menm kalite prèv. Pa egzanp, DMV ap aksepte yon sèl kat kredi oswa yon bòdwo sèvis piblik.
DMV p ap aksepte dokiman ki gen nenpòt chanjman oswa enfòmasyon ki efase ladan. DMV pral konfiske nenpòt dokiman ki sanble se yon fo dokiman. Si ou bay yon dokiman ki
gen fwod, nou ka pouswiv ou nan lajistis kòm kriminèl.
Moun k ap aplike pou premye fwa pou yon lisans chofè oswa ID pou moun ki pa chofè amelyore pa ka fè sa pa lapòs. epi yo ka anile oswa pran lisans ou a.
ENPÒTAN: Si ou fè yon fo deklarasyon nan yon aplikasyon oswa nan nenpòt dokiman prèv oswa deklarasyon anrapò avèk aplikasyon an, oswa si ou bay manti oswa si ranplase enfòmasyon,
oswa si ou lakòz yon lòt moun bay manti oswa ranplase enfòmasyon anrapò avèk aplikasyon an, ou ka jwenn pinisyon pou sa kòm yon deli Klas A dapre Seksyon 210.45 Lwa Kriminèl pou moun ki
aplike pou kat ki pa Lisans Chofè, epitou zak sa a se yon deli dapre Seksyon 392 Lwa sou Veyikil ak Sikilasyon pou moun ki aplike pou lisans, epitou sa ka lakòz nou anile oswa sispann lisans ou.
PAJ 1 / 4
ID-44RIDFC (12/17)

ADVERTISEMENT

00 votes

Related Articles

Related forms

Related Categories

Parent category: Legal
Go
Page of 4