Form Mv-902fc - Application For Duplicate Certificate Of Title (Haitian Creole) Page 2

ADVERTISEMENT

SEKSYON 3 –
DOKIMAN KI PWOUVE NON/IDANTITE
Si ou aplike nan sèvis lapòs, sonje pou voye
prèv ou yo. Nou p ap retounen dokiman orijinal yo.
kop
Pou Moun
}
Yon lisans chofè Eta New York ki gen foto, pèmi apranti, oswa kat ID ki pa lisans chofè ki ajou, oswa ki
Prèv dat ou fèt ak
ekspire depi apeprè 2 ane ap satisfè toulède kondisyon sa yo. Lòt dokiman nou aksepte pou prèv idantite ak
u
6 pwen prèv non ou
valè pwen ki asosye avèk dokiman yo endike sou fòm ID-82 (Prèv Idantite pou Anrejistreman ak Tit) ki
u
disponib sou Entènèt nan sitwèb ak nan nenpòt biwo Veyikil-a-Motè.
Pou Konpayi yo (montre youn nan prèv ki anba la yo)
1.
Yon anrejistreman veyikil oswa yon sètifika tit Eta New York ki nan non konpayi an; oswa
2. Yon kopi sètifye Sètifika Fòmasyon Konpayi Eta New York; oswa
3. Konpayi Eta New York yo dwe bay:
a. yon sètifika konfòmite oswa ki anvigè ankò yo bay nan Depatman-Deta Eta New York; oswa
b. yon resi aplikasyon yo bay nan Depatman-Deta Eta New York.
4. Konpayi ki pa nan eta a dwe bay:
a. yon kopi sètifye Sètifikasyon Fòmasyon Konpayi yo resevwa nan eta kote y ap viv la; oswa
b. yon sètifika ki anvigè ankò oswa yon òf nan peyi etranje yo bay nan Depatman-Deta Eta New York.
5.
DBA konpayi a dwe bay yon resi aplikasyon li resevwa nan Depatman-Deta ki gen DBA a ladan.
6. Asosyasyon ki pa enkòpore: Prèv ki obligatwa yo depannde kalite òganizasyon an. Kontakte yon biwo Veyikil-a-Motè pou jwenn
enfòmasyon yo.
Pou Patenarya (montre youn nan prèv ki anba la yo)
Yon Sètifika Patenarya a (ki depoze nan biwo Grefye Konte a); oswa
u
Yon kopi resi aplikasyon DBA Grefye Konte a bay.
u
SEKSYON 4 –
EKSPLIKASYON ESPESYAL POU CHANJMAN NON, PWOPRIYETÈ KI MOURI OSWA PWOKIRASYON
Chanjman Non
1. Anlè pa 1 koche kaz “NON PWOPRIYETÈ CHANJE”, epi antre nouvo non ou nan espas yo bay adwat la.
2. Nan Seksyon 1, antre ansyen non ou nan kaz “Non Pwopriyetè” a, epi ranpli rès kaz ki nan Seksyon 1 an.
3. Nan Seksyon 2 a, siyen Otantifikasyon an, epi ekri dat la.
Si non ou chanje, epi si ou vann veyikil la, bato a oswa kay pre-fabrike a, ou kapab bay tit la ansanm avèk ansyen non ou ba moun ki achte veyikil
la. Yon tit ki non nouvo non ou pa obligatwa.
Si ansyen nou ou sou tit la ak anrejistreman an, epi si ou bezwen yon diplikata tit nan nouvo non ou, ou fèt pou chanje non ou anvan sou lisans chofè
ou ak sou anrejistreman an. Pote aplikasyon sa a AK sètifika maryaj orijinal la, sètifika divòs la oswa lòt dokiman ki konfime chanjman non ou nan
nenpòt biwo Veyikil-a-Motè.
Si ansyen nou sou tit la men veyikil la PA anrejistre, epi si ou bezwen yon tit nan nouvo non ou, ou FÈT POU voye aplikasyon sa a AK yon
fotokopi sètifika maryaj ou, sètifika divòs ou oswa lòt dokiman ki konfime chanjman non ou nan Biwo Tit la ki nan adrès ki endike anlè Paj 1 an.
Pwopriyetè a Mouri
Anlè paj 1 an koche kaz “PWOPRIYETÈ A MOURI”. Nan Seksyon 1:
1. Antre non ak dat nesans moun ki mouri a.
2. Nan espas “C/O” (Sou Non), antre non ou.
3. Nan espas "Adrès Postal Ou Kounye a”, antre adrès ou.
4. Ou fèt pou prezante dokiman pou pwouve idantite ou, men pa pou pwouve idantite moun ki mouri a (gade Seksyon 3). Ou fèt pou bay
enfòmasyon ki anba la yo:
Si ou se madanm/mari yon moun ki mouri, timoun ki poko gen laj 18 tan oswa fanmi pwòch, prezante yon kopi Sètifika Lanmò a
(Sètifika Lanmò oswa Otantifikasyon Lanmò), Lèt Testamantè, oswa Lèt Administrasyon. Nan Seksyon 2 a siyen non ou, answit ekri
"Madanm/Mari”, oswa “Fanmi Pwòch”, oswa pou yon timoun ki poko gen laj 18 tan “Responsab Legal oswa timoun minè”. Si relasyon
sa yo pa aplike pou ou, prezante Lèt Testamantè yo oswa Lèt Administrasyon yo.
Gid siplemantè ka aplike pou anrejistre oswa pou transfere veyikil ou bezwen yon diplikata tit la. Pou jwenn plis enfòmasyon, gade fòm
NOT:
MV-349 (Transfè Veyikil ki Anrejistre nan Non Moun ki Mouri a) oswa fòm MV-349.1 (Deklarasyon sou Sèman pou Transfè Veyikil-a-Motè).
Pwokirasyon
Anlè paj 1 an koche kaz “PWOPRIYETÈ A BAY PWOKIRASYON”. Nan Seksyon 1:
1. Antre non ak dat nesans pwopriyetè a.
2. Nan espas “C/O” (Sou Non), antre non ou.
3. Nan espas "Adrès Postal Ou Kounye a”, antre adrès ou.
4. Bay yon Pwokirasyon Orijinal (POA) ki notarye epi ki gen ladan: Dat yo te bay POA, non ak adrès moun oswa konpayi ki te bay POA, non
ak adrès moun oswa konpayi ki gen POA, siyati orijinal moun ki te bay POA.
PAJ 2 / 2
MV-902FC (9/12)

ADVERTISEMENT

00 votes

Related Articles

Related forms

Related Categories

Parent category: Legal
Go
Page of 2